Creole

Pi gran istwa ke limanite

Bondye renmen ouPat janm gen yon pi gran istwa nan Lemond pase istwa paw la. Se yon istwa lanmou ak trajedi. Tout fè yon sèl. Se istwa paw se istwa pam, epi an menm tan, se istwa Bondye. Bondye deja fè anpil bagay pou ou, Men ou dwe deside si ou pral viv ak lapè nan syèl . La Bib montre nou yon bagay extraòdinè. Li montre nou yon Bondye ki kreye tout bagay. Depi sa ki pi piti a rive nan sa ki pi gwo a. Epi li fè ni mwen ni wou. Li kreye moun pou yo gen relasyon avèl.     Trajedi frapePi gwo problem ki rive nan istwa limanite depi nan komansman. Lòm separe ak yon Bondye ki kreyel epi li chwazi wout pal. Nou ka wè konsekans bagay sa a nan tan pa nou an: olye nou viv nan lapè yonn ak lot, nou wè rayisman yonn ak lot, jalouzy, malady ak lagè. Men sa ki pi rèd nan trajedi sa yo fè separasyon nou ak Bondye. Depi lè sa a. Nap chèche bonè ak lapè. Nou ka jwenn libète ak lapè Sèlman nan relasyon ak Bondye.   KrisifiksyonJezi se sèl moun kite menmen yon vi pafè. Lanmò li sou la kwa se te plan Bondye pou sove nou. Jezi di nou dwe pafè, menm jan Papa a pafè. Nou dwe renmen Bondye ak tout kè nou epi renmen prochen nou tankou pwop tèt nou. Jezi fè nou konnen limanite pat ka jwenn Bondye. Nou pa ka viv jan Bondye mande a se sa ki fe nou nan eta sa a. Bondye se yon Dye ki sen. Li pa ka tolere peche. La Bib di konsekans peche se lanmò. Jezi vini poul restore koneksyon nou ak Bondye. Li renmenw ak yon lanmou ki pap janm fini; Li bay tout bagay pou ou. Li pote sou li chatiman pechew yo kite separew ak Bondye a.   Pi gwo istwa lanmouBondye déjà poze pigwo aksyon lanmou an nan limanite. E li fèl pou ou. Gen 2.000 an pase, Jezi te vini nan mond sa a. Tout bagay nan li te extraòdinè: Nesans li, la vi li, lanmò li ak rezireksyon li. Sa pa gen parey. Kantite vi li chanje se extraòdinè. Sa ki pi enpòtan an, Li deklare kel se Pitit Bondye! Mwen se rout ki Mennen nan lavi a. Pa gen moun kap jwenn papa a sil pa pase pa mwen menm.     Pi gwo evènnman nan ListwaNan twazièm jou a Bondye leve pitit li nan lanmò. E se rezireksyon li a ki bay nou viktwa sou lanmò. Li te profetize sou rezireksyon li avan menm kel te krisifie, e lè li te retounen nan lavi, li montre li se pitit Bondye tout bon vre. Li vivan jodia e ou ka rankontre li. Nan Jezi ou kapab gen yon relasyon pesonel avek Bondye. Se wou kapdeside si laviw ap fini nan yon trajedi oubyen nan letenite ak Bondye. Jezi vle pran laviw, padone pechew epi bay ou la vi etènèl. Si ou vlel fèsa e ou vle vinn pitit Bondye, ebyen priye Bondye koulye a: Jezi mwen kwè ke ou se pitit Bondye. Mwen kwè ou te mouri pou peche mwen yo. Souple padone mwen epi vinn nan kè mwen. Mwen kwè ke ou leve nan lanmò e ou vivan jodia e mwen akseptew kòm sovè pèsonèl mwen. Map swiv ou. Amen.   Si ou sot fè priyè sa a me kèk pwen enpòtan
Titelbild Traktat Haiti (Creole)
Herz - Punkt 1
Bild 1 Creole
Getrenntzeichen - Punkt 2
Bild 2 Creole
Kreuz - Punkt 3
Bild 3 Creole
Bild 4 Creole
Fragezeichen - Punkt 4
Afrikaner betet
TheFour

1. Priyè - Pale ak Bondye chak jou

2. Bib - Li pawòl Bondye chak jou pouw ka konnen Jezi pi byen

3. Legliz - Ale nan yon Legliz ki ka edew konnen plis de Jezi

4. Misyon - Pataje levanjil ak eksperians ou ak lot moun

 

 

Datum: 25.05.2016

Verwandte News
Werbung
Werbung
Livenet Service